Nou se yonn nan meyè akademi ki deja ansenye jèn ayisyen nan plis ke 10 peyi.
Etidyan nou yo deja ap travay ak tèt yo sou entènèt gras ak gran fòmasyon 100% pratik sa-a.
Pou'w kòmanse w'ap achte fòmasyon-an sou yon platfòm kote li disponib, lèw' peze bouton "Plans offerts" ki anba-a l'ap dirijew' pouw' al chwazi plan entegrasyon ou vle-a, klike anba plan an kote ki make " Mw vle plan sa-a" epi l'ap dirijew' kote pouw' al peye sou platfòm lan. Asirew' ou genyen yon e-mail ki fonksyonèl pouw' ajoute pouw' kapab jwenn notifikasyon ke ou entegre akademi-an pouw' kòmanse etidye. Ou kapab etidye nan orè ki bon pou-ou.Fòmasyon-an disponib sou yon platfòm ki prestijyez, sa vle di li ranpli tout kondisyon ki pèmèt li jwenn konfyans menm jan ak tout lòt antrepriz k'ap evolye sou menm platfòm lan. N.B. :Ou genyen 7 jou garanti pou siw' ta remake ou pa satisfè pouw' mande ranbouseman kòb ou te envesti-a.
Akademi-an kreye yon kominote sou whatsapp ki vrèman gran epi ki aktif kote tout etidyan ak manb akademi-an reyini pou nou travay ansanm. Se yon espas kote ou kapab prezante travay ou reyalize aprè chak leson ou fin aprann,ou kapab poze kesyon sou sa ou manke konprann epi prezante bèl travay w'ap reyalize pandan moman aprantisaj ou.Priyorite Akademi-an se wè kijan talan ou ap enspire lòt moun ki ta vle entegre mond dijital la pou yo jwi avantaj ki genyen nan entènèt.
Akademi-an òganize 2 seyans Coaching chak semèn kote PDG akademi-an ak lòt pwofesyonèl ke akademi-an deja fòme reyini ak tout etidyan yo pou revize travay pratik yo epi korije sa ki mande korije nan fason pou'w kapab travay tankou yon vrè pwofesyonèl. Nan seyans sa yo w'ap jwenn chans prezante tout saw' gentan kapab fè kòm travay pratik epi pwofite prezante difikilte ou ta rankontre nan kèk leson pou nou kapab rezoud yo ak ou nan menm moman-an.